Kategori: Literasi
Matyè: Kreyol
Tèm: Vokabilè
Ane: 2 AF
Objektif leson an
Ekri san fot : mo, fraz, teks
Pati de sa timoun yo dwe konnen oswa ta dwe konnen epi ki ka ede yo
Lang kreyol la fasil pou ekri paske se sa ou tande ou ekri. Depi w konnen son lèt yo ou pap gen pwoblèm.
Leson an
Nou prale aprann ekri kèk mo ki ka itil ou lè w ap ekri. Mo sa yo ka tounen anpil ni nan mo w ap li ni lè w ap ekri pou rakonte istwa
Mwen gen anpil (jwèt).
Men yon (balon).
Epi yon ti (poupe).
Jodi a m rete (lakay).
Nou pa (soti)
Nou pa renmen rete (chita) lakay
Men se li ki (bon) pou nou
Fè tankou nou, rete lakay !
Lis mo nou prale eple epi ekri yo se :
mwen gen anpil men yon epi ti Jodi a nou rete pa
renmen lakay men se li ki fè tankou
eple chak grenn mo ansanm ak mwen. Eple vle di bay non chak lèt ki nan mo a nan lòd yo dwe ekri a. Chak mo w fini eple pwofite ekri li nan kaye w
Konsolidasyon
Kounye a ou ka ekri chak grenn mo nan kaye w pandan m ap di w yo. Ou pare ? an nou ale
mwen gen anpil men yon epi ti
Jodi a nou rete pa renmen lakay men se li ki fè tankou
Gade byen si se men m jan yo ekri. Eske lèt yo nan bon lòd pou chak grenn mo. Eske se bon lèt yo ou mete ?
Mwen : m w e n gen: g- e-n anpil: a-n-p-il men: m-e-n
Yon: y- o-n epi: e- p-i ti : t-i Jodi: j-o-d-i a: a
Nou: n-o-u rete: r-e-t-e pa :p-a renmen: r-e-n-m-e-n
Lakay: l-a-k-a-y men: m-e-n se: s-e li: l-i ki: k-i
Fè: f-è tankou : t-a-n-k-o-u
Verifikasyon
Eske ou ka ekri yon ti tèks menm jan ak sa nou te kòmanse travay la. Itilize tout ven mo ou soti aprann ekri a nan tèks ou a. Ou ka senpmen kòmanse pa ranplase desen yo pa lòt mo ou konnen ekri déjà.
Si se videyo a w ap gade, sèvi ak ti imaj sa a pou ou ekri tèks ou a. Si w ap koute sèlman sonje klas ou epi dekri li nan kaye w selon modèl la.
Telechaje leson an la: 2AF-Ekriti-Òtograf
Telechaje odyo an la: 2AF-Ekriti-Òtograf
Kite premye kòmantè a
Konekte ak
Facebook Twitter