Kategori: Nimerasi
Matyè: Matematik
Tèm: Revizyon Kare ak Rektang
Ane: 3 AF
-
-
-
- Savoir identifier un carré d’un rectangle
- Tracé d’un carré sur quadrillage
- Fabrication d’un carré par pliage
-
-
Objektif leson an
Nou prale aprann trase yon kare san rège pi tou fè yon kare ak yon papye san nou pa bezwen anyen sòf papye ak men nou
Pati de sa timoun yo dwe konnen oswa ta dwe konnen epi ki ka ede yo
Lè w obsève byen otou nou gen kèk bagay ki kare nan anviwonman nou. Tankou tranch pen nan sache pen tranche
Leson an
Yon kare se yon fòm jeyometrik . Li gen 4 kote ki egal ego sa vle di chak bò yo menm longè.
Kote kare fòme yon ang dwat sa vle di siw mezire chak ang yo ak ekè ki nan bwat jeyometri w l ap byen plake.
Konsolidasyon
Jwèt pou ou. Rale kaye w.
Nou prale desine ansanm yon kare san nou pa sèvi ak règ. Mete yon pwen sou kòmansman yon ti kare. Konte 4 kare sou yon liy kouche. Kanpe. Kounye a desann4 kare ankò kanpe ankò. Kounye a w ap fè yon liy kouche soti soupwen out e rive a men ou prale sou bò goch. Konte 4 ti kare. Kanpe. Remonte jwenn premye pwen ou te fè a. Men ni ou soti desine yon kare ki gen kat bò menm longè. Si w vle ou ka repase règ sou tras ou fè déjà pou li ka pi bèl epi ou ka verifye se yon kare lè ou poze kwen ekè mwen te montre w la sou li.
Si ou rive gen yon ti desen konsa. Bravo
Kounye a mwen si ou ka dessinen yon kare san ou pa gen yon règ, sèlman gras ak ti kare nan kaye w.
Kounye a mwen prale montre w kòman ou ka fè yon kare a pati yon fèy papye. Sa rele pliyaj.
Premye bagay w ap fè se plye
Pran yon fèy papye. Souvan yo se rektang. Pran yon bò papye a epi rabat li sou lòt bò a menm jan mwen fè a. Pwent kote flèch ble a ap monte rankontre pwent flèch nwa a. W ap jwenn fòm flèch vèt la montre w la.
Koupe oswa chire
Ou ka sèvi ak sizo pou ou koupe pati an ble a.
Si w pa gen sizo annik pliye l epi tou dousman chire l.
Kounye a ouvri triyang ou te genyen an
W ap jwenn kare a
Vwala leson jodi a fini. Male zanmi m yo !
Telechaje leson an la: 3AF Kare revizyon kare sou kadriyaj epi pliyaj
Tlechaje son an la: 3AF Kare revizyon kare sou kadriyaj epi pliyaj
Kite premye kòmantè a
Konekte ak
Facebook Twitter